- Yon peyi listwa, yon pèp fyè, yon istwa rich
Divèsite se yon gwo wòl nan rezon pouki peyi sa fòmidab konsa e aprann plis sou vwazen nou ap ede nou vin pi gran toujou kòm nasyon. Lè nou konsidere tout kalite moun ak kilti ki nan lakay nou Miami, nou patikilyèman nan yon bon kote pou nou fè sa!
Ann Ankouraje Enterè nan Zòt
Timoun toujou kirye pou sa ki fè yo diferan, soti nan kalite cheve yo ak gou mizik yo pou rive nan fason yo pale ak kalite manje yo manje. Nou gen anpil chans, pou n’ap viv nan vil mondyal saki se Miami, kote timoun yo gen anpil opòtinite pou yo aprann epi anbrase divèsite kiltirèl zanmi yo.Avèk plis pase 300,000 Ayisyen Ameriken ki rete jodi’a nan Sid Florid la, selebre Mwa Eritaj Ayisyen an mwa Me sa ak timoun nou yo se pi bon fason pou nou kòmanse (oswa kontinye) konstwi apresiyasyon yo pou zòt. Fè yo fè konesans avèk koutim inik epi rityèl peyi karayib yo k’ap pèmèt elaji enterè yo (ak orizon yo!) epi pratik akseptasyon ak konprann youn lòt. Pwofite pandan pitit ou kirye a, mennen yo nan libreri pou chwazi liv ak videyo sou Ayiti.
Enspire Yo Atravè Listwa
Yon tè ki chaje ak moun ki gen kouraj ak detèminasyon, Ayiti ka aprann nou anpil sou kijan pou nou siviv epi kenbe tèt nou wo. Li sitiye nan Karibeyen an, kote li ekspoze san rete ak siklòn, tranblemanntè ak lòt dezas natirèl, abitan peyi souvren sa, gen anpil kouraj pou yo simonte eprèv.Pandan anpil lane yo te batay pou yo te libere – nan lesklavaj ak opresyon soti nan lane 1500 yo jiska depòtasyon sitwayen yo nan lane 1937 pou rive nan aktivite pran bato ilegal pou rantre nan peyi Etazini nan lane 1979 – Ayisyen rete fèm ak detèmine pou yo jwenn demokrasi.
“Istwa Ayisyen yo ak Afriken-Ameriken yo pou dènye 500 lane yo se youn ki se yon batay ki long anpil,” se sa Léon D. Pamphile di, li se otè liv Haitians and African Americans: A Heritage of Tragedy and Hope. “Pandan senk syèk, yo rive genyen plizyè fwa. Avèk anpil entelijans, Ayisyen ansanm ak Afriken-Ameriken anplwaye estrateji konparab pou yo ka genyen dwa ak privilèj sitwayen yo.”
Pami sila ki te batay pou elimine lesklavaj epi bay peyi a endepandans: Toussaint Louverture ak Jean-Jacques Dessalines,tou de ki te fèt nan lesklavaj epi vin tounen gwo ewo revolisyonè.
Atire Yo ak Kilti
Fèbak pou rive jis epòk lè espanyòl te dekouvri peyi a (eksplorè Christopher Columbus te fè erè li te panseli te dekouvri End oswa Lachin), Fransè yo gouvène pandan prèske 200 lane (1625-1804) epi fòs rasin Afriken yo, idantite kiltirèl Ayiti a rich ak inik menm jan. Mizik, atizana ak literati li, ki enfliyanse anpil de pase li ak melanj kwayans kiltirèl yo, montre mòd lavi Ayisyen an klè.Men sa ki fè pi gwo enpak la se kantite konsyans eritaj kiltirèl Afriken an, se sa Pamphile di, ki ajoute ke Ayiti pa sèlman konsidere kòm “pwotektè libète men tou kòm kapital kiltirèl nwa.” Tankou pèsonalite sa yo ki gen diferanenterè, ekriven ak antropolojis Zora Neale Hurston, koregrafè Katherine Dunham ak aktivis sosyal epi otè pyès teyat Langston Hughes tout jwenn enspirasyon travay yo nan Ayiti.
Vin Fete Tou!
Ak drapo ble e rouj Ayiti k’ap flote byen wo a, mizik byen fò nan tout lari yo ak yon pakèt aktivite, fanmi’w ap jwenn anpil kote pou al fete pandan Mwa Eritaj Ayisyen an. Men kèk ladan yo:
5 Me
Toussaint Louverture Traveling Exhibition
Presented by Haitian Heritage Museum & Miami Dade College North
North Miami Beach Library
1601 NE 164th Street, North Miami Beach, FL 33162
786.399.1429/305.948.2970
www.haitianheritagemuseum.org5 ak 6 Me
Little Haiti Book Festival
Little Haiti Cultural Complex
212 NE 59th Terrace, Miami, FL33137
Libreri Mapou
5919 NE 2nd Avenue, Miami, FL 33137
www.miamibookfair.com12 Me
Taste of Haiti 2018
Miami Dade College North Campus, Lot #2
11380 NW 27th Avenue, Miami, FL 33167
www.tasteofhaitiusa.com31 Me
Haitian History Bee Final
10 a.m. - 1 p.m.
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street, 2nd Floor, Chamber
305.694.2779/305.912.7654
www.miamiandbeaches.com
English