Prevansyon Swisid: Kenbe Timoun Yo An Sekirite

Prevansyon Swisid: Kenbe Timoun Yo An Sekirite

Siy pou tcheke, plan sekirite ak resous

Otè Julia Green, ak Julia Belkowitz, M.D., M.P.H., Lyse Deus, M.Ed., ak Oneith Cadiz, M.D. 
 
Pèdi yon timoun nan swisid ka pi move trajedi imajinab. Malerezman, plis pase 25% nan lanmò jèn nan Etazini se swisid. Nan timoun 10-24-an, swisid se dezyèm kòz prensipal lanmò.
Swisid konplike e li afekte jèn moun tout ras, etnisite, idantite sèks, seksyalite, ak kominote.

Ou ka evite swisid 
Fanmi, klinisyen sante pedyatrik, ak manm pèsonèl lekòl ka rekonèt epi ede timoun ki an risk swisid. Tanzantan tout timoun ak adolesan fè eksperyans emosyon negatif. Sepandan, kèk jèn ka montre tristès, enkyetid, oswa fatig akòz depresyon.

Si w panse pitit ou ka gen depresyon, pale ak li sou sa k ap pase nan lavi li ak kouman li santi l. Mennen pitit ou al wè yon pedyat ki ka ede fanmi w ak sijere opsyon tretman.
Pale sou sijè difisil epi pataje pwòp eksperyans ak defi ou lè w te pi piti. Pale ak pitit ou lè w enkyete.
Pale ak pitit ou ak senpati e pasyans. Li natirèl pou paran santi yo choke, fache, e menm enève konnen pitit yo te konsidere swisid, men li pi enpòtan pou konsantre sou bezwen pitit ou san kòlè ou jijman.

Siy pou tcheke:

• Chanjman konpòtman drastik
• Chanjman nan abitud dòmi tankou dòmi twòp, lensomni, oswa difikilte pou dòmi
• Estim li bese 
• Pèt apeti oswa pèdi pwa
• Yon bès nan nòt oswa pèfòmans jeneral lekòl la
• Yon chanjman ekstrèm nan pèsonalite tankou agresif oswa an kòlè
• Deklarasyon alekri oswa pale tankou “Mwen vle mouri”, “Sa pa dim anyen” oswa “Pa gen anyen enpòtan”

Si pitit ou ap fè tèt li mal oswa ou kwè li ka vle touye tèt li, mennen l vit nan sal dijans oswa lopital ki pi pre a. Si w santi pitit ou gen anvi touye tèt li men li pa an danje imedya, kontakte yon pedyat oswa founisè sante mantal pou yon evalyasyon. Pwofesyonèl sa yo ka ede mete an plas yon plan sekirite.

Yon plan sekirite ka gen ladan l:
• Yon lis bagay ki ka aktive oswa siy ki ka pwovoke panse pitit ou pou l touye tèt li
• Estrateji pou ede yo fè fas ak aktivatè ak panse difisil yo
• Idantifye moun ki ka bay sipò tankou fanmi, zanmi, ak pwofesè
• Deziyen kontak ijans ak sa pou yo fè nan sitiyasyon an nan lavni

Resous itil
Sonje byen, si w gen enkyetid pou pitit ou, National Suicide Prevention Lifeline (Liy Sipò Nasyonal Pou Evite Swisid) ouvri chak jou 24 sou 24 epi ou ka rele 988 nenpòt kote nan Etazini.
Alyans Nasyonal pou Maladi Mantal se yon resous pou nenpòt paran ki konsène.
Sitwèb The Trevor Project gen enfòmasyon pou paran timoun LGBTQ2S+.

Asosyasyon Sikolojik Ameriken an gen estrateji ak zouti pou paran ak adolesan ki gen estrès rasyal.

Ou ka rele tou 211 oswa tcheke 211miami.org