- Pandan anpil kontribisyon plizyè Ameriken nwa, depi nan tan lontan ak jodi'a, ap kontinye enspire nou ak anpil lòt ke nou pa konnen ki ekstraòdinè tou yo tout pote gwo eritaj pou nou
Soti nan Bessie Coleman, premye fanm Ameriken nwa ki te gen lisans pou pilote avyon, rive nan Katherine Johnson, ki li menm te espesyalize li nan òdinatè nan kompayi NASA ki te ede sistèm aewonotik ak pwogram espasyal Etazini, medam sa yo merite plas yo nan istwa Ameriken an.
Isabella Baumfree (ki gen tinon Sojourner Truth) Istoryen pa souvan sonje Isabella Baumfree lè y'ap pale sou mouvman ki te kanpe lesklavaj, men abolisyonis ak lidè sivil fanm yo, ki te chanje non li pou Sojourner Truth nan lane 1843, te fè anpil efò pou goumen pou ras nwa ak egalite tout moun. Yon pitit esklav li pat sèlman sove nan lesklavaj men li te premye fanm nwa ki te debat nan tribinal ak avoka blan epi ki te genyen – li te repran pitit gason’l ke blan an te vann ilegalman.
Cathay Williams te fèt nan esklavaj nan lane 1842, apre gè sivil la kanpe, Cathay Williams vin lib e li jwenn yon travay sèvant pou Ame Federal la. Lè gè a fini, kòm fanm nwa, posibilite pou li jwenn travay te piti anpil. Ki fè li deside pou li degize an gason, anba non William Cathay e li rantre nan lame nan 38tyèm U.S. Infantry, e li vin premye fanm ke yo rekonèt ki te sèvi nan lame Ameriken, kòm yon solda buffalo.
Claudette Colvin Plizyè mwa anvan Rosa Parks vin selèb, kòm yon elèv lekòl ki te pran desizyon lite kont enjistis kont ras li, lè li refize deplase lè yon pasaje blan mande li pou li bay plas li nan yon bis kote li te chita. Nan moman enpòtan sa, Claudette Colvin te di, "Sou yon bò mwen te santi Sojouner Truth ap peze desan mwen, e Harriet Tubman te sou lòt bò pou li peze desann mwen tou. Mwen pa’t ka kanpe.” Yon elèv nan yon lekòl kote te gen segregasyon nan Montgomery, Alabama, yo arete Colvin e yo mete li nan prizon. Pandan Parks vin tounen reprezantasyon bòykotaj la, apre Colvin al nan tribinal kòm youn nan senk moun ki te pòte plent nan ka legal Browder V. Gayle, ki te vin bay rezilta istorik la ke segregasyon nan bis piblik nan Montgomery a te enkonstitityonèl.
Bessie Coleman Disetan apre Wright Brothers yo vwayaje nan syèl la, Bessie Coleman ki te gen 28 lane te gen menm rèv sa, ke istwa lè sòlda WWI (premye gè mondyal) yo t’ap tounen epi tout avanti yo ak avyon. Men opòtinite pou vole nan syèl la byen wo pa’t yon bagay ki te posib pou yon jèn fanm ki nwa e pòv epi k’ap fè fas ak diskriminasyon ak ekslizyon. Avèk detèminasyon ak kouraj, Coleman kite Etazini pou l’ale nan peyi Lafrans, kote li etidye aewonotik e resevwa yon lisans pilòt entènasyonal nan men Fédération Aéronautique Internationale la. Antan ke premye pilòt fanm nwa Ameriken ki pilote yon avyon, se te yon gwo viktwa lè li retounen nan Etazini.
Katherine Johnson Yon elèv entelijan ki renmen chif anpil, Katherine Johnson te gen 10 lane sèlman lè li rantre nan lekòl segondè epi li gen 18 lane lè li jwenn yon degre “Bachelor of Science” nan matematik ak franse. Pasyon li rechèch nan matematik, yon endistri ki pa’t fasil menm pou aksepte ni jèn fanm ni nwa Ameriken, mennen li nan yon travay jis nan National Advisory Committee for Aeronautics (sa ke yo rele NASA) nan Langley Memorial Aeronautical Laboratory nan Hampton, Virginia, nan lane 1953. Antan ke youn nan premye manm ekip NASA a, Johnson te responsab pou mezire ak analize rezilta tès tinèl van yo. Jijman li nan lojik geometri fè’l jwenn yon pwojè pou ede yon ekip rechèch kote te gen gason sèlman, sa ki pi devan fè’l posib pou astwonòt John Glenn ak Alan Shepard vwayaje nan lespas.
English