- Devlope yon bon konfidans nan tèt ou mande anpil efò, men rezilta yo san limit
Pwoblèm konsènan imaj-tèt li, presyon kamarad, pèfòmans lekòl... yo ka lakòz konfidans yon timoun desann sou plas. An plis rezon sa yo enfliyans entènèt avèk medya sosyal, konfidans pitit ou febli anpil.
Ou paka ofri pwoteksyon 24 sou 24, gen fason ke ou ka ranfòse konfidans pitit ou – ak respè pou tèt li. Li kòman pou ede pitit ou fè fas ak lide negatif kont tèt li, prekosyon kont agresyon sou entènèt epi rete solid lè gen difikilte avèk santiman yo pwoteje epi entak.
Nouvo Lane Lekòl, Nouvo Presyon
Septanm kapab yon epòk delika pou anpil timoun, yo pral rewè zanmi yo, epi nouvo avèk lòt sitiyasyon ki ka pote enkyetid pou yo. Dapre yon nouvo etid ke yo te prezante nan “Pediatric Academic Societies,” genyen yon ogmantasyon lide swisidè lè timoun yo retounen nan klas lekòl yo.
“Lè nou wè kantite timoun ki sous lis [nan lopital nou an] oubyen ke yo te anrejistre yon fwa, mwa apre mwa, te gen yon gwo diferans,” se sa doktè Gregory Plemmons di, se li ki prezante etid la epi li se pwofesè asosye nan klinik pedyat nan “Monroe Carell Jr. Children’s Hospital” nan “Vanderbilt University.” Jiyè se mwa ki gen pi piti kantite lide swisidè ak fòmasyon jan lide sa yo, men “nou wè chif sa yo ogmante ankò lè lekòl louvri,” se sa Plemmons fè konnen, li sipoze ke se medya sosyal ak tout sa ki gen rapò ak sosyal ki lakoz ogmantasyon sa yo.
Ankouraje yo Bay Tèt yo Valè
“Anpil nan jèn yo konn pran tèt yo pou adolesan. Sa konn rive pou yon jèn ki kwè nan tèt li vin gen dout oubyen santi ke li pa kalifye, espesyalman lè gen lòt bagay k’ap enkyete’l, tankou mande’l pou’l travay byen lekòl oubyen sibi presyon kamarad,” se sa Elizabeth George di, li gen lisans nan sikoterapi epi li se otè liv pou timoun sou gratitid, konpreyansyon ak kijan pou rezoud pwoblèm. “Paran yo ka ede lè yo rekonèt epi fè timoun sonje abilite ak fòs yo epi kiltive konpòtman pozitif kòm zouti pou konbat lide negatif kont tèt yo.”
Kòm anpil timoun bezwen rale kò yo sou paran yo pou yo kapap montre pèsonalite yo, Georges konseye, “Chache okazyon pou nou pase tan ansanm. Menm yon roulib machin 20 minit ka pèmèt yon konvèsasyon kote ou ka fè yo pran konsyans. Yon ti dyalòg san preparasyon konsa ke ede pitit reyalize valè tèt li, epi ba yo okazyon pou yo pale ak ou sou kisa k’ap ba yo pwoblèm.”
Menm jan tou li enpòtan pou ede timoun yo jwenn bagay pou yo fè ki ka ranfòse konfyans ke yo gen nan tèt yo. Pandan y’ap lite ak matematik nan klas la, yon gwo abilite pou espò ki fèt sou miray, kòm egzanp, kapab ede yo balanse konfyans yo gen nan tèt yo. “Anpil jèn wè tèt yo nan mizik, espò oubyen aktivis, epi yo devlope konfidans nan aktivite sa yo,” se sa Georges di. “Jwnen yon dyòb, enskri nan yon klib, oubyen jwenn yon òpòtinite pou devlope yon talan ka ede yon timoun konstwi konfidans nan tèt li. Sipòte efò sa yo epi ofri konsèy se konsa paran yo ap ka ede tout bon.”
Ranfòse Abilite Yo pou Yo ka Fè Fas ak Pwoblèm
Kòman pitit ou fè fas enkyetid ekstèn ka montre diferans ant yon gwo konfidans ak youn ki frajil. Tifi yo gen plis risk fè swisid epi ti gason gen plis chans simonte pwoblèm yo, fòk ou rasire’w ke pitit ou gen abilite nesesè pou fè fas ak tout kalite pwoblèm ak presyon sa yo ki antoure yo.
Kòm paran, se nòmal ke ou vle pwoteje pitit ou kont echèk, men konnen kòman pou fè fas ak yo se yon leson enpòtan pou lavi, li pi bon lè yo aprann li tou piti. “Lè pitit ou konnen se pa lafendimond si yo fè yon erè, yo pap santi yo wont menm jan epi pran sa tankou yon echèk pesònèl, sa ka aji sou konfidans yo epi lakoz ke yo gen dout sou tèt yo,” se sa Georges eksplike. Ede pitit ou wè ke gen lòt posibilite si gen yo fè yon move eksperyans yo ka toujou espere jwen lòt opsyon ki disponib nan antouraj yo sou ki y’ap ka konte pi devan. Epi montre pitit ou lanmou san kondisyon ke ou gen pou li epi w’ap toujou la pou sipòte yo pandan move moman.
Pwoteje pitit ou kont agresyon, nan lekòl oubyen anviwonman entènèt, kòmanse ak edikasyon – pou ou ak pou pitit ou. Ale sou entènèt pou jwenn enfòmasyon yo (www.stopbullying.gov/prevention), nan reyinyon asosyasyon paran ak elèv “PTA” pou pataje enfòmasyon ak pwofesè epi lòt paran, epi kòmanse yon dyalòg ki ap dire avèk pitit sou sa yo menm ak zanmi wè epi fè kòm eksperyans.
“Mete règleman klè pou swiv epi aplike,” se sa Georges di. “Swiv chanjman kay timoun yo epi pale sou sa ak anpil delikatès. Ranfòse enpòtans ak kwayans ou ap ede rejwenn stabilite yo lè yo febli.” Konnen ke y’ap toujou genyen ou bò kote yo sa kenbe yo sou ray, menm lè bagay yo parèt pi difisil.
English