- Ede pitit ou rekòmanse amize yo ak zanmi, san danje
Piske gen vaksen disponib pou timoun 12 an ak sa ki pi gran (e nou ann espwa ap genyen pou timoun 2 an a 11 an tou pou fen vakans lan), paran ka plis eseye fè yo pran vaksen an lè pitit yo gen randevou pou y al jwe ak zanmi, si yo pa t gentan fè sa deja.
Pandan anpil moun ki vaksinen retire kachnen yo kounye a pou yo ale nan mòl, nan match bizbòl, nan lanmè, yo bese vijilans yo tou nan kesyon pwoteje pitit yo ki pa vaksinen. Men pa bliye pran prekosyon epi (kontinye!) suiv tout dènye konsèy CDC yo, ki rekòmande pou moun ki gen plis pase 2 an ki pa vaksinen mete kachnen lè yo anndan ak lè yo yon kote deyò ki chaje moun epi pou yo gade distans ak lòt moun epi pou yo netwaye men yo. Epi tou se pou w toujou suiv konsyans ou pou w chwazi randevou pitit ou al jwe ak lòt timoun ak prekosyon pou fanmi w, pandan w ap sonje nan ki eta sante chak timoun ye an patikilye.
Jwe kote w santi w pi alèz – Deside prensip ak limit randevou pou al jwe ak zanmi yo anvan w negosye avèk lòt paran an sou kesyon pwoteksyon kont COVID. Nan yon atik nan magazin The Wall Street Journal la, Gene Beresin ki travay nan lopital Massachusetts General Hospital, konseye paran pou yo “kòmanse avèk deskripsyon sitiyasyon pèsonèl ou e pou ki sa ou vle pitit ou respekte sèten regleman pandan vizit la” pou yo ka mete lòt paran an alèz. Lindsay Spolan Pinchuk mete regleman pa l epi li pa kite 2 pitit fi li yo, youn gen 10 an lòt la gen 7 an, al rankontre zanmi nan gran gwoup san yo pa mete kachnen tankou jan lòt fanmi fè, sitou avèk pi gran an ki ka fè enfeksyon respiratwa fasil. Li pito òganize ti rankont piti ak lòt timoun ki gen kachnen lakay li.
Konn sa k ap pase nan Eta ou rete a—Gen yon atik CNN sou varyant Dèlta COVID la ki konseye paran rete enfòme sou valè moun ki gen COVID nan zòn kote yo rete a paske sèten Eta gen yon konbinezon grav pwopagasyon varyant lan epi yon ti gwoup moun ki vaksinen. Doktè Yvonne Maldonado, prezidan Komite sou Maladi Enfektyez pou òganizasyon Akademi Amerikèn pou Pedyatri, mete anfaz sou nesesite pou granmoun pran vaksen pou pwoteje timoun yo. “Majorite nouvo moun ki vin gen enfeksyon an se moun ki pa vaksinen. E lè nou kreye yon “ti kouch” moun ki vaksinen ki pre timoun piti pandan nou kontinye fè yo mete kachnen epi kenbe distans yo lè yo antre nenpòt kote epi lè yo pre anpil moun, bagay sa yo va enpòtan pou nou asire yo an sekirite.”
Paran ka konsidere sitiyasyon vaksen fanmi yon zanmi, paske Fondasyon Fanmi Kaiser remake 75 pou san granmoun ki pa vaksinen di pa gen yon grenn moun nan fanmi yo ki vaksinen.
Jwe ak kèk timoun—Nan yon atik Doktè Scott Gottlieb ekri pou CNBC, li konseye paran òganize rankont pou pitit yo jwe ak kèk timoun ki zanmi yo depre. Doktè Gottlieb te dirije Administrasyon ki Kontwole manje ak medikaman an ant 2017a 2019, men sa li di li fè ak pitit pa l yo “Mwen pòte anpil atansyon a valè timoun ki jwe avè yo epi ak ki timoun yo jwe. Yo deja abitye jwe ak timoun sa yo, kon sa nou eseye kite yo jwe ak menm timoun sa yo.”
Amizman nan lè fre— Akademi Pedyat Ameriken rekòmande pou moun pase plis tan deyò kote ki gen mwens mikwòb epi fè plis egzèsis, dapre jounal The Modesto Bee. “Aktivite kote moun kenbe distans yo tankou jwe frizbi, mache gran distans, monte bisiklèt, sa yo se bon opsyon pou zanmi ak fanmi. Jwe jwèt kote youn k ap kanpe a distans 3 a 6 pye de lòt, tankou fè desen ak lakre sou twotwa a, chèche bagay yo sere yon kote, fè gadinaj, fè pwojè atizay, tout sa yo se aktivite ki pa poze danje.”
Atik la akouraje timoun fè rankont vityèl si gen yon moun nan fanmi an ki an danje pou ta gen yon move ka Covid-19. Men sa montre enpòtans pou timoun rankontre ak zanmi yo “pou yo kab grandi an sante, pou yo kab gen ladrès sosyal epi pou yo kab an bòn sante mantal.” Pou timoun piti ak sa ki pi gran ki santi yo yon jan pèdi, yon rankont ak yon zanmi oubyen ak yon ti gwoup zanmi kab pi enpòtan pou yo pase posiblite pou yo trape Covid-19 la. Men sa enpòtan anpil pou pran tout prekosyon ki nesesè pou diminye posiblite enfeksyon.”
English