Book Club Elaji gen 4 Lane

Book Club Elaji gen 4 Lane

Plizyè milye timoun nan konte Miami ap aprann li pi bonè gras a Book Club

Lekti pa janm pase mòd. Pi bonè ou kòmanse li, pi bonè ou vin pi bon nan lekti. Gen anvil chans pou ou vin renmen fè lekti pou rès vi’w. Children’s Trust konnen sa, gras ak anpil
prèv syantifik ki sipòte nosyon ke lekti pou yon timoun piti ak fè yo swiv ansanm ak yon paran oswa moun k ap pran swen yo se youn nan pi bon fason pou fasilite aprantisaj ak
devlopman. Timoun ki li depi yo piti pi byen ekipe pou yo kòmanse lekòl e yo gen tandans bay pi bon pèfòmans pandan tout ane lekòl yo.

Se poutèt sa nan lane 2019, Children’s Trust te deside elaji «Book Club Li Pou Aprann » lan pou entegre tout timoun nan konte Miami, soti nan timoun ki fènk fèt pou rive nan sa ki gen 5 lane. Program lan komanse an 2011, depi lè a li pran anpil anplè e kounya yap selebre katriyèm anivèsè vèsyon elaji li an. 

Manm yo gen privilèj. Paran yo ka enskri timoun yo depi yo fèt jiskaske yo gen 4 an edmi. Manm yo ka chwazi si yo vle liv nan lang angle oswa espanyòl, epi chak liv vini ak
yon gid lekti ki bay paran yo ak moun k ap pran swen timoun lan lide sou kòman pou yo pi byen fè lekti ak yo, sa ki gen ladan l fason yo konekte ak yo epi lye tèm liv la ak mond 
eksteryè y ap viv la. 

Liv yo vini ak fèy aktivite ki ofri egzèsis ki enteresan pou ranfòse mesaj liv la ak vokabilè yo. Seleksyon yo varye, gen liv klasik, liv ki genyen prim ak liv ki gen foto pou angaje menm pi piti lektè yo. Tout liv yo chwazi espesyalman pou ede timoun yo develop aptitid lekti bonè pou preparasyon lekòl la epi pemèt yo pran bon jan plezi ak fanmi yo. Pou fanmi Ayisyen yo, Children’s Trust lanse yon “Pwojè Angajman Book Club Kreyòl Ayisyen”, ki bay fanmi yo evènman ki baze sou Ayisyen Ameriken ak senk live pou timoun an Kreyòl , epi gid lekti pou fanmi an ak lòt materyèl itil.

Depi elajisman Book Club la te lanse, plis pase 90,000 nouvo manm te enskri. Kantite manm aktif yo te toujou ap ogmante e ane pase a li te rive nan nivo ki
te pi wo a ki se te plis pase 47,000 manm. Se poutèt sa nou te oblije fè yon ti kanpe pwosesis pou nouvo enskripsyon an pou nou te ka jere demann yo. Plis envestisman
nan Children’s Trust te pèmèt enskripsyon monte plis pase 45,000 timoun nan mwa jen an epi Chidren’s Trust vle chif sa kontinye grandi pi plis toujou, jiskaske tout timoun ki
kalifye yo fè pati klèb la.

Nouvo ak ansyen manm klèb liv yo te vin pa ka tann pou resevwa pakè byen dekore kap vin jwenn yo pa lapòs ki gen desen anime kap soti nan klèb liv la, Ellie the Elephant, Giralda the Giraffe, Harry the Spider and Ollie the Octopus. Pou nouvo group enskripsyon yo, Children Trust  te fyè pou kreye kat desen anime. De nan yo, Frank The Frog ak Pierre The Parrot, yo te
deja revele, ak de lòt yo ajoute yo dwe prezante pita nan sezon ete sa a pandan evènman The Children’s Trust Family Expo.

Kijan Pou’w enskri nan Ekspansyon Children’s Trust Book ap selebre katriyèm anivèsè nesans li ki e pi bon fason pou selebre se pou paran ak moun k ap pran swen timoun ki
deja manm ankouraje lòt moun enskri pitit yo tou. Yo ka vizite TheChildrensTrust.org/BookClub oswa voye tèks mo “READ” nan nimewo 786.460.CLUB(2582).