- Senk Moun Miami Po Nwa Ke Ou Dwe Konnen Ki Fè Listwa
Peyi Etazini anjeneral selebre enpak Afriken-Ameriken genyen sou peyi a, pandan tan sa, kominote nwa ki egziste nan Sid Florid la gen yon gwo enpòtans nan istwa rejyon an pou plis ke san lane. Preske nan tout kwen Miami, gen istwa ki ka konte sou jan kominote nwa a te gen enpak sou istwa zòn lan. Men istwa 5 moun ki fè Miami sa li ye jounen jodi’a.
Dana Albert Dorsey: Ki fèt nan eta Georgia, li demenaje pou li vin Miami nan lane 1896 pou li ka travay kòm bòs chapant. Dorsey te gen lòt anbisyon, nan yon ti tan apre li vin rete nan zòn lan, li antre nan konstwi abitasyon pou kominote nwa yo. Anbisyon sa yo pèmèt li tounen premye milyonè Afriken-Ameriken nan Florid, men istwa li pa fini la. Misye fè kado anpil nan tè li yo pou yo te ka konstwi lekòl pou moun nwa, e jis jounen jodi’a gen libreri, sant edikasyon ak pak nan Florid ke yo bay non li pou tout sa li fè pou kominote Afriken-Ameriken nan zòn sa yo.M. Athalie Range: Apre Dezyèm Gè Mondyal, Range te pèdi mari li ke te gen yon biznis mezon finèb ke li te kontinye jere apre lanmò mari li. Li te gen anpil siksè ak bizinis lan e li te gen anpil devosyon pou fanmi li, li te gen kat pitit. Apre yon ti tan, li vinn tounen prezidan on zòn nan Florid ki rele Liberty City. Pandan li te prezidan, li te goumen anpil pou ke te gen pi bon fasilite pou moun nwa. Detèminasyon li ak kouraj li vin fè ke yo vin nonmen li kòm premye Afriken-Ameriken ki sèvi nan komisyon vil Miami a, e li sèvi pou de tèm ankò apre sa. Apre sa, li te premye fanm Afriken-Ameriken depi rekonstriksyon an ke yo te nonmen “Secretary of the Department of Community Affairs” (Sekretè Depatman Zafè Kominote yo).
Arthur McDuffie: Se te yon ansyen militè ke lapolis te tiye anba baton lè te gen 33 lane apre yo t’ap eseye arete’l paske li t’ap kondi yon motosiklèt nan lane 1979. Nan komansman, polisye yo te di ke McDuffie se aksidan li te fè ak motosiklèt lan ki te lakòz li te mouri. Men temwanyaj ak evidans ke se anpil kou li te resevwa ki te lakòz li te mouri. Nan lane 1980, yo te libere kat polisye yo. Sa te kreye youn nan pi gwo manifestasyon kont rasis nan epòk sa. Pandan manifestasyon sa yo, gen 18 moun ki mouri. Finalman, fanmi McDuffie vin genyen pwosè sivil lan ki vin fè yo jwenn $1.1 milyon. Pwosè sa a vin fè ke lapolis oblije chanje jan yo aji ak sispèk yo pou sa pa rive ankò.
John Milledge: Nan lane 1939, John Milledge vin rete Miami. Li vin rete nan projè abitasyon ki t’ap devlope nan Liberty City an ki se premye abitasyon piblik pou Afriken-Ameriken nan Sid peyi a. Milledge te fè patwouy pou pwojè a kòm ke yon oksliyè polis. Nan lane 1944, Milledge te youn nan premye senk Afriken-Ameriken ki te anplwaye nan depatman lapolis nan Miami. Yo pat gen dwa kondwi machin polis yo, yo pat gen dwa arete moun blan oswa fè pati de inyon lapolis yo, dapre sa Alison Bethel McKenzie di nan yon istwa li te ekri nan jounal “The South Florida Times.” Yo te mete menm inifòm e yo te touche menm salè ak lòt polisye yo, men yo pat resevwa benefis pou retrèt. Milledge te gen tan sèvi pou de lane sèlman kòm polisye, li mouri nan liy travay li nan lane 1946. Li se premye polisye nwa ke yo tuye nan Konte Miami-Dade.
Mariah Brown: Mariah Brown fèt nan peyi Bahamas, li kite Bahamas pou li rive Coconut Grove nan lane 1880 yo kote li jwenn travay nan youn nan premye otèl Coconut Grove ki rele “Peacock Inn.” Ak lajan li te touche, li bati youn nan premye kay nan pati wès Coconut Grove. Kominote sa vin gen anpil legliz, lekòl ak yon libreri. Jis jounen jodi’a, si ou ale Coconut Grove, ou ka wè enfliyans antiyèz ki genyen nan zòn lan. Ane sa y’ap selebre 39vyèm festival “Coconut Grove Bahamain Gombay Festival” nan dat 16 Me pou selebre sa Mariah Brown te fè pou kominote sa.
English